
Fanm Haïtienne
- Jouvens Dorney
- 21 juil. 2024
- 1 min de lecture
Fanm nwa kayimit fanm jansiv vyolèt
Fanm je nwa e blan fanm dan blan kou lèt
Fanm dada kanpe bèl fanm bouch wòwòt
Map rele yo wanganès non pa lamayòt
Fanm kreyõl pa pè fredi ni chale
Fanm kreyol pa lawouze sou fle dizè
Siw gen youn nan menw ou pas ole plizyè
Fanm kreyol nan jem nou gen anpil vale
Ou ka konn bay afeksyon ak atansyon
Ou ka karese ou ka fè moun pran vòl
Ou ka pètèt konn renouvle sansasyon
Men se pase yon vrè fanm kreyòl
Bèl fanm kreyol nan fim bote yo jwe gwo wòl
Yo ka pa mannken genyenk ka pa gwo atis
Men kwèm sou yo bote pa janm fe kapris
E fanm sa yo se enèji pou fè batri lanmou nou pran vòl
Ochan pou tout fanm kreyol konsekan
Nan jem nou plen vale m twouve nou gran
Malgre jan soufrans lavi di
Men figi nou pa janm mare pli
Malgre n' pap sèvi ak bon savon bon losyon
Men'lè n' rivon kote nou met moun sou tansyon
Lonè respè pou sak toujou kenbe têt yo wo
Sila yo pou rans ki pap pèdi vale yo.
Juvens poète ✍️

Commentaires